Lang ak Kilti Kreyòl, de poto mitan idantite, memwa ak richès pèp ki pale kreyòl yo nan mond lan
Chak 28 oktòb, kominote ki pale kreyòl yo nan mond lan reyini nan yon menm lespri pou selebre Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl. Jounen sa se yon okazyon pou rann omaj ak yon eritaj istorik, lengwistik ak kiltirèl ki travèse jenerasyon ak fwontyè. Li raple nou lang ak kilti se poto mitan ki kenbe idantite, diyite ak memwa kolektif yon pèp.
Lang kreyòl yo, ki devlope nan kontèks istorik diferan, sitou atravè rankont plizyè pèp ak eksperyans kolonizasyon, temwaye kapasite kominote yo pou kreye, reziste epi transfòme reyalite yo. Soti Ayiti rive Sesel, pase nan Matinik, Gwadloup, Giyàn fransè, La Reyinyon, Sent Lisi ak Dominik, divès kominote kontinye fè lang ak kilti kreyòl yo viv.
Lang kreyòl : yon zouti diyite, libète ak transmisyon konesans
Pou anpil pèp ki pale Kreyòl, lang lan se premye zouti ki pèmèt moun aprann renmen, reflechi, rakonte istwa ak konprann mond lan. Li se yon zouti fondamantal pou ledikasyon, kominikasyon, patisipasyon sitwayen ak transmisyon konesans.
Nan peyi Dayiti, Konstitisyon 1987 la rekonèt kreyòl la tankou lang ki ini tout Ayisyen, epi kòm youn nan de lang ofisyèl peyi a. Sepandan, defi yo rete anpil e enpòtan pou garanti itilizasyon li nan administrasyon an, lajistis, ansèyman siperyè ak rechèch syantifik.
Defann lang kreyòl la, se defann dwa chak moun pou konprann, aprann ak patisipe nan lavi piblik san diskriminasyon lengwistik.
Ou kapab li tou : TOUT KALTE KOZE : Taina Comeau fait de l’humour un levier de dialogue et de réflexion
Kilti kreyòl : yon patrimwàn vivan ki depase fwontyè
Kilti kreyòl la se yon richès ki manifeste atravè mizik, dans, gastronomi, literati, kont, pwovèb, atizay, tradisyon ak pratik sosyal.
Soti nan konpa ayisyen an rive nan sega morisyen an, pase pran zouk la, anpil ekspresyon atistik montre kreyativite ak divèsite mond kreyòl la. Chak rit, chak resèt, chak istwa ak chak tradisyon pote mak eksperyans istorik kominote ki devlope yo.
Kilti sa yo pa sèlman reprezante eritaj tan lontan. Yo kontinye ap evolye, enfliyanse lòt sosyete epi kontribye nan dyalòg nan mitan pèp yo.
Dyaspora kreyòl yo jwe yon wòl esansyèl nan pwomosyon eritaj sila, espesyalman nan peyi tankou Kanada, Etazini ak Lafrans.
San nou pa bliye peyi Burkina Faso ki mete listwa revolisyon ayisyen kòm kou nan lekòl.
Voir cette publication sur Instagram
Yon responsabilite kolektif anvè jenerasyon k ap vini yo
Nan epòk globalizasyon ak revolisyon dijital la, prezèvasyon lang ak kilti kreyòl la mande plis pase yon selebrasyon senbolik. Li egzije politik piblik, envestisman nan edikasyon, sipò pou kreyasyon atistik ak devlòpman zouti teknolojik ki respekte divèsite lengwistik.
Fanmi yo, lekòl yo, inivèsite yo, medya yo ak enstitisyon kiltirèl yo gen yon responsabilite fondamantal nan transmisyon eritaj sa a.
Selebre lang ak kilti kreyòl, se rekonèt yon pèp pa sèlman egziste atravè teritwa li, men tou atravè memwa li, valè li, tradisyon li ak fason li eksprime vizyon li sou mond lan. Nou ka pran egzanp sou Klèb Konbit Toastmasters k ap aprann kominikasyon ak lidèchip nan Lang kreyòl e ki valorize kilti an.
Nan okazyon 28 oktòb sila, ann renouvle angajman nou pou pwoteje, valorize epi fè briye tout richès mond kreyòl la. Paske lang nou rakonte kiyès nou ye, kilti nou montre kote nou soti, epi ansanm, yo trase chimen jenerasyon k ap vini yo.
Nidger Paul

