Société

Se jèn yo ki pa bon oswa yo pa gen modèl ?

« Jèn yo kounye a, hmm… Yo san jèn, yo pa konn ki wout pou yo fè… » ; souvan nou tande deklarasyon sa yo kay granmoun yo ki lonje dwèt sou dènye jenerasyon sa, e yo menm vin kreye yon deba paske jèn yo replike pou di se modèl yo pa genyen pou swiv. Yon chire pit kote chak moun ap eseye retire tèt li epi voye wòch sou lòt la. Yon kanpay “Se pa mwen, se ou” ki pa janm ka fini.

Si w pran ti tan pou w gade, w ap wè nou pa sispann tande diskou sa yo k ap alimante deba sa ; granmoun ap lonje dwèt sou jèn, jèn ap lonje dwèt sou granmoun ; se tankou de moun k ap diskite, youn ap di : « Se fòt ou » epi lòt la reponn : « Non se ou ki gen tò », e diskisyon sa, pi souvan, ka dire jiskaske… « poul gen dan ». Ane ap pase, jèn jodi vin tounen granmoun ki tou pase nan lòt kan an pandan nouvo jèn kontinye voye pwent. Replik sou replik, men deba pa janm ka fini. Poukisa ? Rezon an senp. Youn pa janm rive dakò chita ak lòt pou yo pale pou yo jwenn yon solisyon ansanm pou yo rezoud sa ki dwe rezoud la. E se menm gè san bout sa k ap pase nan sosyete nou an. Men sa k pi enpòtan anpil nan nou pa janm mande tèt nou, se si deba sa peze nan balans lan vre. Èske tout sa se pa jis yon bat bouch, yon pale anpil k ap fèt pou granmesi ?

Men ann fè yon kite kote repwòch la pou n rete nan reyalite a pou yon moman. Tankou slogan an di l, pou n “poze bon kesyon”. Premye sa n dwe gade se aksyon pifò jèn ap poze. Nan founi je gade epi analize, nou ka wè chema a toujou menm : Sa pou yo bay enpòtans yo pa bay li vrèman, moun pou yo swiv yo pa swiv yo, chimen pou yo pran, yo pa pran l vre. Men se pa anlè konpòtman sa soti l vin blayi nan mitan yo. Li plis sanble yon konsekans… men kisa ?

E la nou vin tonbe drèt nan yon lo gwo tonton kesyon pou n ta poze : Èske yo jwenn ankadreman ak bon jan ledikasyon yo sipoze jwenn ki pou ta pèmèt yo pran chimen nou ta swete a ? Èske ti kras « ledikasyon / fòmasyon » yo resevwa a sifi ? Kijan granmoun yo transmèt ledikasyon sa (ki estrateji / mwayen kominikasyon) ? Èske pa gen yon ti rekil bò kote paran yo nan sans sa ? San konte valè lòt kesyon nou ta ka e dwe poze sou sosyete nou an menm, tankou pa egzanp ki valè li pèmèt jèn yo kiltive ?

Rabais 10

San rete nan liy voye wòch la nou ka wè aklè kisa nou mete nan priyorite n. Ki sijè n priyorize nan dènye “Hit” nou yo ? Jèn k ap bouske lavi yo, k ap fè drapo nou briye yo ak talan yo, nou fè yo santi n fyè ? Bon, n ale twò lwen. Èske nou menm konnen yo ? Li pi fasil pou w pran lòt pye an pa bò isit. Tèt mw pa bezwen rantre nan tout bagay, kò an k ap pale. Genyen anpil jèn ki sèvi ak ekspresyon “yon sèl vi n genyen”, “pa gen de jenès” la tou pou tonbe nan tout kalte sitiyasyon, tout kalte eksè. Yon Debanday, yon “voksal” menmjan anpil nan granmoun yo toujou rele l la ki pouse pifò jèn yo antre ladan l. Men yon fwa ankò nou ta dwe konnen kote l soti, e se la responsabilite granmoun yo ki yo menm ta dwe jwe wòl modèl jèn yo ap mande a kòmanse selon anpil moun. Men, la tou nou dwe mande tèt nou èske se tout bon jèn yo pa gen modèl ?

San manti nou ka konfime se pa sa ditou. Si n ap konsidere sosyete 2022 a, an Ayiti, chaje moun, jèn kou granmoun, ki ka jwe modèl jèn yo ta dwe swiv. Limyè ki pa gen ase sou yo oubyen nou jis deside retire je nou pou n gade lòt bagay ? Gen anpil jèn tou ki deside retire tèt yo nan mitan estipidite deba sa non sèlman pou avni yo men pou bay jenès la yon lòt oryantasyon tou. Kidonk wi, deba a estipid paske li vin parèt yon akizasyon mityèl ki p ap itil anyen, sa ki vle di “Se pa jèn yo ki pa bon e se pa modèl jèn yo pa genyen”, se jis moun ki modèl yo nan sans pozitif la ki dwe monte volim vwa yo pou jèn yo ka tande yo e swiv yo pou n kapab genyen yon sosyete miyò demen.

Yon dènye mo pou tout moun alawonnbadè ? Jèn, pran men w, eksplwate potansyèl ou. Granmoun, jwe wòl akonpanyatè w kòm sa dwa. Ann sispann tire toya sou lòt paske li lè e li tan pou youn kenbe men lòt.

Rabais 30

Comment here