Coin littéraireCultureSociété

“Sa ki pa touye w, li angrese w”

Motivation
Difikilte se lo tout moun alawonnbadè nan Peyi a. Gen sila ki rive simonte yo pou yo sa kontinye vanse, men genyen tou twòp pwoblèm konn menm anpeche yo respire byen. Nou konprann, se swa pwoblèm sa yo neye moun nan nèt, swa li reyisi ankese. Kidonk nan ka sa a li tankou wozo, malgre gwo rafal van, li pliye men li pa kase. Mòd reyalite sa yo gen divès pwovèb ki dekri yo, tankou sa nou fenk sot site a e ki konsène wozo a. Gen yon lòt pwovèb ki fè sa byen tou. Li pati konsa : “sa ki pa touye w, li angrese w”.

Jan nou te di li pi devan an, pwovèb kreyòl yo la pou dekri yon aspè nan reyalite ayisyen ap fè fas. Li pa toujou bon pou nou pran yo nan sans literal yo, konsa n ap kapab rive konprann leson yo vle fè pase a. “Sa ki pa touye w, li angrese w” pa gen anyen pou li wè ak yon moun ki te piti epi ki vin gwo ansuit. Konsa tou mo “angrese” a pa gen kenn rapò ak yon lamanjay ki ka transfòme pwotagonis la an bouboul. Menm si gen moun ki konn pran l nan sans sa a, yon ti kras bon sans ede nou wè nou annafè ak yon lòt kategori kichòy.

Ann pran egzanp yon moun ki te abite sou yon katye byen pezib, epi bridsoukou konsekans banditis lakoz li vòltije kouri kite kay li. N ap dakò se yon eksperyans k ap kite anpil sekèl, sitou moral. Menm moun sa a, si li pa kite sa li te viv la domine l twòp, epi li jwenn fòs pou li kontinye souri bay lavi, li kadre ak sa pwovèb la vle esplike a. Sa nou pa di, gen moun traka sa yo touye vre, e yo anpil. Men sila ki rive chape anba grif ensekirite a endèm, sa ap pèmèt yo jwenn enèji pou yo kontinye batay. Mesaj la klè, toutoutan nou vivan, pa neglije pouse bourik nou, gen sila ki pa jwenn opòtinite a.

Menm pwovèb sa a, gen moun ki konn di li lòt jan. Jeneralman se konsa : sa ki pa touye w, li rann ou pi fò. Toude manyen menm koze yo. Lavi a bay chak grenn nan nou anpil kou. Kou sa yo kite mak, dayè nou pote sikatris yo sou po nou ak nan nanm nou chak jou ki jou. Malgre sa, nou sou de pye nou pi rèd. Kidonk nèg ak nègès, kou sa yo ki pa touye nou an, yo angrese detèminasyon nou, yo rann nou pi fò, yo mete kabiran nan motè nou pou nou kontinye vale wout.

Pwovèb kreyòl sa yo se prèv sajès sila ki presede nou yo. Se eritaj larezon yo transmèt nou nan lide pou nou tchenbe rèd. Menm ak kalkilatris, nou pap kapab konte konbyen difikilte nou rankontre sou chimen nou deja. Si jiskounye nou tòf, sa vle di nou te kase kou tout. Asireman, pi devan n ap kwaze lòt tribilasyon. Mwen rete kwè n ap triyonfe sou yo tou paske nou se feray, se kanpe goumen li ye tonton. Kanmenm, lè nou nan moman feblès, lè nou anvi kraze kite sa, na va sonje grenn pwovèb sa a : sa ki pa touye nou, li angrese n.

Meet-And-Date-Djs

Comments (1)

  1. […] A lire aussi : “Sa ki pa touye w, li angrese w” […]

Comment here