Coin littéraireCulture

Ou se yon “crevito” : ki orijin mo sa ?

image_3A996528_0x0_850x400
Depi kèk jou, mo « crevito » a pa sispann fè pale de li epi alimante deba nan sosyete a, sitou sou rezo sosyal yo. Se yon ekspresyon ki gen anpil popilarite bò kote medam yo an patikilye. Men finalman, kisa “crevito” vle di ? kibò li soti ? Ann fè yon ti kout je ansanm byen rapid.

Mo sa, se yon enfliyansèz ki rele LaGo Cédrick ki vini avè l. Li soti nan vèb fransè ki se « crever ». Ladan l, w ap jwenn mo « crevard » ki se yon adjektif, an menm tan yon non, yo itilize pou 3 tip moun : moun ki pa gen bon lasante, moun ki egoyis e moun ki toujou grangou. Yo menm konn rive itilize l tou pou defini moun ki pa gen gwo mwayen ekonomik, oubyen ki tou senpman pa gen lajan.

Se egzakteman nan dènye sans lan enfliyansèz la vini ak mo « crevito » a nan live li ak videyo l sou TikTok, nan lide pou li kalifye gason ki pa kanpe sou anyen ekonomikman epi ki p ap regle anyen ak lavi yo. Jant feminen an tou pwofite fè dap piyanp sou ekspresyon an pou yo di non ak tout “crevito” ki ta anvi pwoche yo. Si jiskounye mo a gen son “o” nan tèminezon l, se paske se gason li dekri. Kesyon kounya, èske n ap ka pale de “crevita” nan jou k ap vini yo ? Epi si sa fèt, èske se fanm san lajan e ki pap regle anyen nan lavi yo l ap dekri tou ?

Kontribisyon : Herbert Nerette


Rejoignez-nous pour approfondir votre compétence et enrichir votre expérience personnelle, professionnelle, et devenir un (e) expert (e) incontournable dans le domaine de la gestion !
Rejoignez-nous pour approfondir votre compétence et enrichir votre expérience personnelle, professionnelle, et devenir un (e) expert (e) incontournable dans le domaine de la gestion !

Formation ADH
Vous venez de subir les épreuves du baccalauréat ? Vous êtes un intéressé du monde numérique ? Cette formation a été conçue pour vous ! Rejoignez notre formation pour atteindre les compétences nécessaires pour réussir dans l’industrie numérique en constante évolution et faites-y votre métier. 🌏Adresse : Local Banj, Delmas 66, 514 Rte de Delmas – ☎Pour plus d’informations : +50937878780 / +50943905393 / +50946020713 / +50943992020

Comment here