CultureMusique

Mesaj King Kino sou tout pale ki gen sou gwoup Zafèm

Mesaj King Kino sou tout pale ki gen sou gwoup Zafèm

Mwen pran yon ti tan pou m te swiv epi analize sa m wè ak sa m tande nan moman siklòn Zafèm sa.

Mwen panse HMI la ka toujou bezwen yon lòt amoni, yon lòt vwa, yon lòt djaz, yon lòt van, yon lòt souf. Ap toujou gen yon lòt jenerasyon k ap emèje ak yon lòt son, yon lòt stil, yon lòt konpòtman mizikal, men li toujou rele konpa, ka toujou genyen yon lòt son klòch, san inyore valè ak enpòtans tout lòt djaz ki la avan yo, ni sa k toujou la k ap fonksyone yo. Ap toujou gen plas pou tout moun. Mwen swete nou pa antre nan lojik kraze youn pou lòt la.

Mwen pa vle ensilte pyès moun, fenomèn sòlda se yon bon bagay lè l pozitif, men tou yon gwo danje pou HMI la, paske pafwa yo pa fanatik ni mizik ni la nati, men pito fanatik yon djaz pou mete l anfas yon lòt djaz. Se nan sa yo pran plezi yo. Yo pran djaz yo tankou kòk y ap mennen nan gagè pou al batay ak lòt. Anpil djaz te antre nan lojik sa : yo te alèz nan voye sòlda al anmède lòt djaz. kounye a, yo tout ap peye konsekans derive sa ke yo tout te konn sipòte.

Lè yon sòlda kite lame w la paske l pa jwenn atansyon li t ap chèche a, li pral nan yon lòt lame pou l goumen avè w. Pa gen sòlda fidèl paske sòlda mache ak siksè w. Depi l santi w ap bese, li p ap koule avè w, l ap vole epi naje li soti. Wi, tout nouvo tout bon ak modèl sòlda sa yo deyò a.

Mwen pa kwè lide Zafèm nan sete pou vin nan goumen ak lòt djas, ni vin kraze lòt djaz, ni pou vin destabilize lòt djaz. Reginald ak Dener pi entelijan ke sa, mwen pa kwè y ap tonbe nan pyèj sa, paske se atitid pozitif yo ki ba yo rezilta jodi a, se enèji pozitif yo ki ba yo nivo ak fòma mizikal sa. Lè w fè siksè, tout moun anvayi w, fanm kou gason, men se ou ki pou konn ki konpòtman pou w genyen paske satan vin sou tout fòm, bon ap vini, mal ap vini. Pèp Zafèm nan di wi, vwa pèp la se vwa Bondye, pa anmèdel, kite moun yo vayb ak Zafè yo. Zafèm pa oblije Zafè w paske chak moun vayb yon fason diferan, chak moun renmen konpa nan fason pa yo, fòk nou trè toleran anvè lòt.

Kilti di “viv jodi a epi aba demen” an oblije sispann, kite Zafèm fè Zafè l, pa anmède l ak Zafè pèsonèl nou. Si nou gen pwoblèm ak ansyen djaz nou yo, pa sèvi ak Zafèm kòm zam pou al goumen. Bagay la ta twò fasil. Sa k bay lavi a sans, se paske w ka chwazi sa w vle, djaz ou vle, vayb ou vle, stil mizik ou vle. Nou trè riche nan kilti nou, gen plas pou tout moun, nou ka kwense djaz mete djaz jan nou vle paske gen moun pou tout djaz yo, pata dwe gen jalouzi, ni konparezon paske chak moun ap fe zafè pa yo, chak moun ap jwe stil pa yo, se sa k fè zafè pa w ka pa zafè pa l, fò w pa anmèdel, respekte dwa pa l pou l respekte dwa pa w. Chak moun ap regle afè pa yo nan jan pa yo, chak moun gen fanatik ak sòlda pa yo ki renmen yo. Tout Djaz pata ka jwe menm jan, li patap gen sans. Sispann kritik la, kite chak djaz yo regle zafè yo jan yo vle, zafè pa youn p ap janm zafè pa yon lòt, men tout ap jwe eritaj sa Papa Nemour kite pou nou an ki se konpa, se sa ki enpòtan. Viv mizik Ayisyen, viv konpa, viv tout djaz ki kenbe flanbo konpa pandan tout tan sa, gen plas pou tout moun, mwen renmen yo tout, mwen admire yo tout, mwen apresye yo tout, mwen tolere yo tout, m ap toujou sipòte yo tout.

Ann konsantre kritik nou yo kote ki bezwen l tankou nan eta peyi nou ye jodi a, pa kite moral nou nan imaj peyi a, nan eta l ye la jodi a, nou ka fè konpetisyon konstriktiv, nou ka pote yon kritik pozitif, wi se dwa nou pou kritike yon bagay ke nou santi ki pa nòmal, kritike e pwopoze tou, men nou pa oblije kraze yon djaz pou yon lòt djaz.

Imajine n si nou pat kraze Ayiti plat konsa, t ap gen plis ke 10 milyon moun ki gen mwayen ekonomik pou sipote chak djaz yo, Zafèm t ap pase pi byen toujou. Paske nou ka wè soufrans yo anndan tèks Zafèm yo. Tèks ak mizik Zafèm yo pote lanmou kote ki gen divizyon, yo pote chalè kote ki frèt, ki vle di Ayiti te toujou sou kè yo depi nan kòmansman albòm nan.

Pou Zafèm fe realizasyon sa li te oblije rete nan yon sèk ki pi, sen, toleran, mistik, saj, ak yon atitid pozitif, ann bat bravo pou efò ki bay rezilta sa, Reginald ak Dener se moun kè, yo pa kwè nan goumen ak moun, men sa pa di ke yo p ap defann dwa yo si yo santi yo vyole. Ann kontinye ankouraje chak djaz ki nan HMI la pou kontinye konpoze bèl mizik, paske yo tout se anbasadè peyi nou, se gras ak yo Ayiti toujou parèt bèl nan zye rès mond lan. Tout djaz pata ka sonnen menm jan, ni yo pap janm sonnen menm jan. Bay tout moun respè yo merite epi kite Zafèm fe zafè yo ak sagljès. Yo pa mande pyès moun konpare yo ak lòt djaz, ni mete yo nan goumen ak lòt djaz. Nou remen afwontman twòp, nou renmen divizyon twòp, nou vle mete tout yon sosyete dozado pou enterè mesken pa nou.

Pou mwen, tout djaz yo bon, se sak fè yo gen fanatik ak sòlda pa yo. Ayisyen pi fò nan goumen youn ak lòt olye yo jis bay tout moun respè yo merite. Zafèm pa nan konfli ak pyès lòt djaz, ni mwen pa vle kwè lòt djaz yo ta tèlman egoyis pou yo ta gentan nan yon konfli ak Zafèm, ni mwen pa kwè Zafèm voye pyès moun al goumen pou yo. se pèp la ki vle yo, pa anmède yo, jis kite Zafèm fè zafè l, epi al regle zafè pa w nan jan paw. Nou pa t la pou Zafèm lè l t ap soufri, tanpri pa vin derange yo lan siksè yo.

Zafèm bèl djaz nan boul figi nou tout bann ipokrit ak trèt. fwa sa na sispan bare moun, Zafèm tounen dlo li pase anba pòt nou te mete bare yo, Zafèm tounen lafimen li pase soti lan tout ti trou pou la l bay mesaj lanmou ak afeksyon pou pèp la, Zafèm koule anba move sòlda yo li fout yo tout yon so kabrit.

Mwen pwofite voye yon gro kout chapo a tout moun ki ban management team Zafèm nan. Bon travay ! Kenbe l konsa. mwen pwofite di mèsi a 2 gwo bout atis sa yo : Reginald ak Dener pou sajès yo ak abilite mizikal yo. Reginald gwo bout chantè, kenbe la frè pa m epi bòm chans. Mwen pwofite di mèsi a tout pwomotè ki te toujou kenbe biznis la an vi, epi pote lajwa bay meloman yo.

Sispann bare djaz kap monte yo, y ap eklate nan boul figi nou.

Sous : Paj Facebook King Kino

Comment here