Culture

Jounen lang ak kilti kreyòl

Mwa oktòb se mwa lang kreyòl ak kilti kreyòl. Jounen jodiya yo selebre evènman sila a nan Amerik la, nan Karayib la, an Ewòp epi nan Oseyan Endyen. Jounen samdi 28 oktòb la se jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl ki komemore chak ane nan dat sila.

Plizyè kòlòk reyalize sou kesyon lang kreyòl la avan nou abouti ak jounen entènasyonal lang kreyòl la. Nan lane 1979, nan peyi Seychelles, yon kòlòk entènasyonal te òganize sou etid kreyòl, kote lengwis nan lemonn antye te reyini. Nan lane 1981, aprè yon kòlòk komite entènasyonal etid kreyòl te oganize kote tèm refleksyon an te : “Yon kreyòl, kreyòl yo, kontinyite ak kreyativite nan mond kreyòl la”, kèk syantifik ki gen kreyòl kòm lang matènèl te kòmanse ap poze kesyon sou “ki metòd ki kapab pwomouvwa lang kreyòl nan mond lan ?” Se konsa jou ki te 28 oktòb 1981 an, nan “Vieux Port” nan Sent Lisi, kreyolofòn yo deside regwoupe yo pou kreye yon mouvman ki pran non “Bannzil Kreyòl”. Yo te chwazi dat 28 oktòb la paske abitan peyi Ladominik te deja gen menm dat sila a pou selebre “Creole Day” la.

Nan lane 1982, Gouvènman peyi Seychèl te oganize yon semèn kreyòl. Nan menm ane a mouvman “Bannzil Kreyòl” te redije tèks fondatè li a nan yon bilten trimestriyèl. Yon lane apre, 28 oktòb 1983, premye jounen “Bannzil Kreyòl” la te dewoule yon fason ase dezòdone, men ane aprè ane selebrasyon an, jounen sa amelyore. Nan kèk peyi, aktivite pou defini jounen sa vin pi enteresan e siyifikatif. Depi lè sa, jounen 28 oktòb la selebre nan tout peyi Kreyòl yo. Anpil peyi jodiya selebre jounen sa pandan yon semèn, yo mete aksan an pi fò sou jounen 28 oktòb la. Akote jounen nasyonal lang Kreyòl la, akademi kreyòl ayisyen (AKA) te mete yon seri aktivite ki vize pwomouvwa ak amelyore lang ak kilti ayisyen an.

« Lang kreyòl Ayisyen : yon zouti pou devlopman dirab» , se tèm sa Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) kenbe ane a pou make evènman sila a, nan objektif pou atire atansyon tout sektè nan peyi a sou enpòtans pratik ak sèvi ak lang kreyòl nan reyalizasyon objektif devlopman dirab yo. Kreyòl la se yon lang lasyans tankou tout lòt yo, yon lang se tankou yon bwat zouti, se nou menm ki dwe louvri bwat la pou nou pran zouti nou bezwen an. Lang kreyòl la se motè ki konsène ayisyen, yon rezèvwa wòdpòte ki ede nou konsève ak prezève sa nou genyen kòm patrimwan kiltirèl imateryèl. Soti nan resèt kizin pase pran pwovèb yo ki se temwanaj sajès nou kòm pèp, pase pran istwa kont nou yo san bliye divès chante popilè ki la depi digdantan rive nan konpa, se lang la ki konsève yo epi pèmèt yo rive jwenn nou pou n rapouswiv transmisyon yo bay lòt jenerasyon. Ann aprann renmen ak konsève lang nou.


Rejoignez-nous pour approfondir votre compétence et enrichir votre expérience personnelle, professionnelle, et devenir un (e) expert (e) incontournable dans le domaine de la gestion !
Rejoignez-nous pour approfondir votre compétence et enrichir votre expérience personnelle, professionnelle, et devenir un (e) expert (e) incontournable dans le domaine de la gestion !

Formation ADH
Vous venez de subir les épreuves du baccalauréat ? Vous êtes un intéressé du monde numérique ? Cette formation a été conçue pour vous ! Rejoignez notre formation pour atteindre les compétences nécessaires pour réussir dans l’industrie numérique en constante évolution et faites-y votre métier. 🌏Adresse : Local Banj, Delmas 66, 514 Rte de Delmas – ☎Pour plus d’informations : +50937878780 / +50943905393 / +50946020713 / +50943992020

Comment here