ArtCulture

Ann selebre 2 lane ak KREYOL LA BEL

Eske ou deja tande pale de platfòm KLB ? Objektif li genyen ? Kisa li fè deja ak kisa l ap kontinye fè pou lang Kreyòl la ?

KLB se yon sig ki sòti nan Kreyòl La Bèl. Se yon platfòm jèn ki genyen nan tèt li Sry-Lanka SANON ak yon ekip ki gen 9 manm,li fòme nan lide pou yo mete lang ak kilti kreyòl la an valè epi pou yo pèmèt moun yo konnen lang kreyòl ayisyen an pi byen.

Depi 5 Janvye nan lane 2018, KLB egziste e premye sa yo te reyalize se te yon jounen pòt ouvèt kote te genyen konferans, deba elatriye. Platfòm sa reyalize 3 aktivite nan ane 2019 la. Jèn sa yo travay anpil sou pwodiksyon nan lang kreyòl la,yo plis aktif sou medya anliy yo ak sou rezo zosyal yo ,e sitou nan divès aktivite yo òganize nan depatman Sidès.

KLB se yon dezyèm inisyativ Sry-Lanka SANON mete sou pye aprè LAS (les amis du spectacle). Men kontrèman ak LAS, KLB mande plis tan ak plis travay daprè Kowòdonatris 2 platfòm yo.

Kreyòl La Bèl kolabore deja ak Inema Jeudi, ak lòt enstitisyon tankou Akademi Kreyòl Ayisyen an. Men yo genyen Maurice Cadet, Frero Pierre, Lucien Dayiti, Anivince Jean Baptiste ki toujou prezan pou yo,ede yo épi bay yo konsèy. Nan lide pou yo vann bote Kreyòl la nèt, e fè tout moun aji pou sa ,yo ta renmen kòmanse kolabore ak ekriven ayisyen tankou Gary Victor, Yanick Lahens, Kettly Mars, mezon edisyon yo, bibliyotèk yo ak tout lòt enstitisyon ki la pou valorize lang ak literati kreyòl la.

KLB rankontre anpil difikilte,Peyi Lòk la tou,sa ki fè yo pa jwenn esponnsò pou reyalize anpil pwojè yo te mete sou pye. Men sa pat anpeche yo reyalize kèk bagay tankou yon konKou nouvèl ak elèv lekòl ki gen pou tèm “Kri Zantray” ki se opotinite pou moun ki ant 14 a 18 lane abitye plis ak Kreyòl. Inisyativ sila a pèmèt yo dekouvri anpil kapasite nan 11 tèks ki te rive remèt pami 56 elèv ki te enskri yo.Yo prevwa klotire Konkou sa 8 mas pandan y ap bay 3 ganyan yo twofe. Men nan mwa Fevriye a ap genyen yon seri aktivite tankou vant siyati rekèy nouvèl gànyan yo.

Platfòm KLB pote yon konsèy pou nou jènn ki gen yon rèv: Tout moun ki gen yon rèv pa kite l tonbe. Kòmanse. Lite.Lite pou l ka reyalize. Pran kritik yo,konstwi vi w avèk yo.Pa kite yon ajansman mo detwi rèv ou.

Nan yon peyi kote Lang kreyòl la pa gen anpil valè nan je nou, KLB ap di nou :

Koze lang Kreyòl se koze tout moun an Ayiti, ba l valè menm jan ak tout lang pandan n ap sispann panse se pale lòt lang ki vle di “eksprime”.

Suivez-nous sur facebook, instagram et twitter en cliquant respectivement sur ces liens: https://www.facebook.com/belide.mag – https://www.instagram.com/belide.mag/ – https://twitter.com/BelideMagazine

Comment here