Culture

BWA KAYIMAN, kote listwa nou te kòmanse ekri

Nan Abitasyon “Normand de Mézy”, nan komin Plèn di Nò, nan mòn wouj, listwa peyi nou te kòmanse. Li te kòmanse ap pran fòm, kòmanse ap bati, kòmanse ap ekri, pa avèk plim dore ni bèl moso papye men, avèk san kochon epi kouto.

Se konsa nan lannwit ki te 14 ale pou 15 Dawout 1791, Dutty Boukman, yon esklav vanyan ki te sòti nan peyi Jamayik, te envoke Briz montay pou retire nou nan lesklavaj pou l ede nou, ban nou fòs ak kouraj pou nou konbat blan yo nan ane kap swiv yo. E se te premye fwa nan listwa nou, tout konfrè sa yo te rasanble nan yon menm objektif ; se pat lave men siye atè paske yon semèn aprè nou te fè yon gwo leve kanpe kont blan yo (Soulèvman 22-23 dawout nan menm ane a).

Menmsi Boukman se poto mitan seremoni sa, men fò n pa bliye li pat poukò l. Nan nwit sa te gen yon manbo avèk li ; ki t ap anime seremoni sila avèk kouto nan men l.

Li danse jouk li pa konnen epi li foure zouti li a anba gòj yon kochon tou nwa pou san voye toupatou. Epi nan aprè li bay tout esklav yo bwè. Lè yo fin bwè li, yo jire pou yo swiv Boukman toupatou e koube yo a tout prensip mesye sa.

Anviwon 190 lane aprè sa fin fè, gouvènman ayisyen deklare sit sa kòm patrimwàn touristik nasyonal, epi nan lane 2000 yo fè yon etid sou sit sila a ; depi lè sa li vin gen yon rekonesans toupatou nan mond lan e chak ane on valè moun dessann nan sit sa pou yo tande listwa peyi Dayiti pou yo wè ak de je yo ki kote tout bagay te kòmanse.

Malgre tout sa yo di, ke listwa sila a pa frè, ke se yon manti, elatriye… N ap toujou kenbe seremoni bwa kayiman an sou kè nou paske se senbòl libète nou, se listwa nou, se fòs nou, se memwa zansèt nou, e pèsonn pap ka pase l anba pye.

Comment here