MENFP ak UNESCO lanse yon refòm pou chanje metodoloji lekòl an Ayiti
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), ansanm ak UNESCO, mete Ayiti sou yon nouvo wout ak yon refòm edikatif ki gen objektif pou transfòme lekòl ayisyen an. Se yon gwo chanjman k ap depase kad pwogram, liv oswa metòd ansèyman : refòm nan ap chèche reyòganize misyon ak wòl lekòl la nan lavi timoun yo ak devlòpman peyi a.
Pandan plizyè deseni, sistèm edikatif ayisyen an te konn repwodui modèl ki pa toujou anrasinen nan reyalite ayisyen an. Jodi a, nou antre nan yon nouvo epòk kote lekòl la dwe vin yon espas ki fòme sitwayen konplè : sitwayen ki gen diyite, ki responsab, ki fyè de kilti yo, epi ki pare pou patisipe nan transfòmasyon peyi a.
Yon vizyon ki klè : mete timoun nan sant edikasyon an
Nan kè refòm nan, gen yon prensip fondamantal : lekòl la dwe sèvi timoun yo an premye. Kidonk, Nouvo kad oryantasyon an mete aksan sou :
– Edikasyon ki ann amoni ak bezwen timoun yo, reyalite yo ak lang yo.
– Fòmasyon kote kreyativite, imajinasyon, rechèch ak inovasyon gen menm valè ak konesans tradisyonèl yo.
– Yon lekòl ki ouvè sou kominote a, ki prepare elèv yo pou yo vin aktè nan lavi sosyal, ekonomik ak kiltirèl peyi a.
– Yon aprantisaj ki chita sou respè, etik, responsabilite ak konsyans sitwayen.
Refòm nan pa chèche kreye yon edikasyon k ap imite lòt peyi. Okontrè, li tabli yon modèl ki soti nan eritaj ayisyen an, nan istwa nou, nan lang nou, nan valè ki defini pèp la. E nan sans sa, refòm MENFP–UNESCO a chita sou kat gwo valè :
– Egalite – Asire tout timoun, kèlkeswa zòn yo oswa sitiyasyon yo, jwenn menm opòtinite pou aprann.
– Respè – Mete diyite timoun nan nan sant tout pratik ansèyman yo.
– Enklizyon – Akomode divèsite timoun yo, talan yo, difikilte yo, rit aprantisaj yo.
– Transparans – Yon sistèm ki klè, ki evalyab, epi ki pran desizyon pou byennèt elèv yo.
Nouvo wòl pwofesè yo
Refòm nan rekonèt pwofesè yo kòm poto mitan kalite edikasyon timoun yo resevwa. Kidonk, nouvo modèl la ap revize wòl yo pou pèmèt yon pi bon mwayen pou edike, e nan refòm sa, pwofesè yo se ap :
– Gid ki akonpaye timoun yo olye yo sèlman transmèt enfòmasyon.
– Moun ki ankouraje refleksyon, rechèch, eksperimantasyon.
– Animatè ki kreye yon klima aprantisaj ki pozitif, sekirize ak motivan.
– Pwofesyonèl ki pran an konsiderasyon diferans endividyèl elèv yo.
Ki lekòl nou vle pou demen ?
Refòm nan defini karakteristik lekòl demen an :
– Yon lekòl ki pale lang timoun yo, ki fè yo tande, ki rekonèt yo.
– Yon lekòl ki anrasinen nan kilti, istwa, tradisyon ak eritaj peyi a.
– Yon lekòl ki fòme jèn ki angaje nan kominote yo, ki konprann pwoblèm peyi a, epi ki konn chèche solisyon.
– Yon lekòl ki prepare elèv yo pou yo vin lidè nan inovasyon, syans, atizay, kowoperasyon ak devlopman dirab.
Kisa refòm nan chanje nan pratik la ?
Modèl aprantisaj la ap vin pi fleksib, pi modèn e pi pratik. Li chita sou senk gwo domèn konpetans :
– Lang ak kominikasyon
– Syans imen ak sosyete
– Syans natirèl ak anviwònman
– Matematik
– Atizay, kreyativite, edikasyon fizik ak byennèt
Nan chak domèn, refòm nan favorize aktivite pratik, pwojè ekip, eksplorasyon, obsèvasyon, travay sou kominote a, epi koneksyon dirèk ak lavi reyèl. Kidonk, tout moun konsène : ke se pwofesè, direktè, paran, inivèsite, enstitisyon kiltirèl, aktè kominotè ak leta. Chak gwoup gen wòl pa yo pou asire refòm nan reyisi e li dire.
Chanjman sa a p ap fèt yon sèl jou. Men se jodi a travay la dwe kòmanse : fòme jenerasyon ki konnen rasin yo, ki gen konfyans nan tèt yo, ki konprann defi yo, epi ki pare pou vin ajan chanjman Ayiti bezwen an.
MENFP ak UNESCO antreprann refòm sa a ak yon sèl objektif : bati yon lekòl ki respekte timoun yo, ki soutni kapasite yo, epi ki louvri pòt avni yo.
Voir cette publication sur Instagram

