FootballSport

WOMEN’S TOURNAMENT: yon inisyativ pou sipòte medam yo

Aprè yon entèvyou ak responsab Staf Haitifootball yo: mesye Laurent Jumelle ak madam Andrea Fils-aimé, yo fè konnen lide tounwa sa, se pou fè pwomosyon pou foutbòl feminen an an Ayiti, epi pou pèmèt jèn fi, kèlkeswa laj la, patisipe. Malgre pa gen sipò anpil antrepriz, staf la te gen anpil volonte pou reyalize bèl inisyativ sa. Avèk twa (3) ekip ki gen plis pase yon trantèn (30) jèn fi, tounwa sa te tankou yon lig: premye ekip ki genyen plis pwen an genyen tit la. Anpil bèl jès avèk jwèt fizik kèk nan jwè yo te fè genyen anpil plezi. Youn nan jwè yo, Lourdy Thomas, ke yo rele Lulu avèk balon nan pye l te kontan anpil pou l jwe foutbòl ankò. Malgre travay li, li toujou kreye tan pou jwe ak zanmi l yo. Sa ki te plis make jounen an, youn nan jwè ekip ki genyen an, Bianca Handal ki te gadyèn, fè santi jan l kontan nan pòs sa alòske pòs abityèl nan klèb li se atakan.

« Yon gwo remèsiman pou Belide Magazine pou sipò li nan pwomosyon aktivite sila a. Epi nou mande yon èd a klèb ki nan zòn metwopolitèn nan, epi otorite yo nan lide pou ofri yon opòtinite a medam sa yo pou amelyore epi genyen yon meyè avni nan espò a ». Se te dènye mo responsab yo.

Nou pwofite pou felisite HaitiFootball epi ankouraje yo kontinye travay sa.

Alneus Jean Steven

Comment here