Société

Se granmoun yo ki save, yo voye je sou nou fason pa yo

Granmoun-ak-timoun
Lè n te timoun, gen yon seri pawòl paran nou ak pwòch nou ki pi aje konn di nou ki konn efreye nou nan sa n ap fè. Pa egzanp, “pa lonje dwèt ou sou lakansyèl pou w pa tou kole”. Menm si lè nou fin grandi nou wè koze sa yo pat verite ditou, li enteresan pou nou konprann granmoun yo te sitou itilize fraz sa yo pou pwoteje nou epi anpeche n fè twòp dezòd.

Yon egzanp ki pi klè se lè yo te konn di nou pa niche kouto pou nou pa kapon. Dèyè fraz sa ki totalman absid pou jenn moun nou ye jounen jodi a, gen yon sousi pou anpeche nou blese ki kache. Kouto se yon istansil kizin ki file anpil, epi bouch nou ak lang nou sansib, nenpòt malè ka rive. Menm jan yo abitye di pou n pa mache pa do pou manman nou pa mouri, se petèt paske yo pat vle nou pran kèk vye zòk nan mache pa do.

Kèk nan fraz sa yo konn sèvi pou ledikasyon nou tou. Youn nan yo se “si w bay manti se pitit satan w ye”. Ak pawòl sa granmoun yo te sitou vle enkilke nou onètete, nan lide pou yo leve timoun k ap gen volonte bay verite menm si sitiyasyon an ta ka pouse yo plis anvi bay manti. Gen yon lòt ki di “si w joure granmoun w ap gen madichon”, toujou nan lide pou aprann tchovi yo respè pou pi gran pase yo ak zòt ki nan antouraj yo.

Lang matènèl se youn nan baz kilti yon kominote dwe itilize pou levasyon ak ledikasyon timoun. Kreyòl asisyen an gen yon dividal pwovèb ak lòt pawòl ki marande ak anpil valè tankou lanmou, respè ak pataj. Se yon lang tou ki bay pèp li yon zouti pou youn konprann lòf san fòse. Menm si alèkile nou granmoun, pa bliye fraz sa yo pat janm gen move lentansyon ki kache dèyè yo.

Comment here