Société

Apèn yo pral ensinere l, li leve

Bujji-Aamma

via Le Parisien

Bujji Aamma, yon endyèn yo deklare li mouri apre yon aksidan ki lye ak dife, leve kèk minit avan yo redwi kò l an sann.

Dam sa, ki gen 52 lane, te viktim yon aksidan dife lakay li nan kòmansman mwa a. Kò l te boule a 50%, yo te kouri avè l lopital men malerezman, akoz fanmi l pa t gen mwayen pou peye lopital la, li te retounen lakay li malgre eta sante l pa t bon menm. De jou an jou, eta l sante ap vin pi kritik jiskaske li vin pa respire. Yo te panse li mouri, dapre sa mari a eksplike, e yo fè tout demach pou jwenn mezon finèb vin pran l e mete l nan sèkèy.

Erezman pou dam sa, moun ki te kanpe dèyè sèkèy la wè Bujji Aamma ouvri je l, egzakteman anvan yo ensinere l. Kidonk, yo pran l e retounen avè l lakay li.

Li tout istwa a sou Le Parisien

Comment here