8 Mas pa yon fèt, men yon rele pou dwa fanm !

8 Mas pa yon fèt, men yon rele pou dwa fanm !

Chak 8 mas, se “Jounen Entènasyonal Dwa Fanm”. Malerezman, anpil moun panse se yon “fèt” pou fanm, kote y ap mache di fanm ki pwòch yo “Bòn fèt”. Se pa sa bagay la ye ! 8 mas pa yon okazyon pou bay flè, ni pou fè kado – menm si sa ka toujou fèt – ; men se yon dat pou n reflechi sou konba fanm ap mennen pou dwa yo, espesyalman an Ayiti, kote se yo ki toujou plis viktim enjistis, vyolans, diskriminasyon, elt.

Batay fanm yo : yon batay pou Dwa, pa yon kado

Depi plizyè syèk, fanm ap goumen pou dwa yo kòm moun. Y ap mande egalite nan travay, respè nan sosyete, dwa pou deside sou kò yo, ak opòtinite menm jan ak gason. Nan peyi nou, Ayiti, sitiyasyon an grav :

  • Fanm sibi vyolans fizik ak seksyèl prèske chak jou.

  • Fanm sibi asèlman nan tout milye : lari, travay, fèt, elt.

  • Fason pou fanm jwenn opòtinite travay pa menm pou gason : nan majorite ka, patwon toujou egzije yo pou antre nan relasyon seksyèl ak yo.

  • Pousantaj fanm ki rive jwenn pozisyon responsab minim anpil.

  • Ak lòt sitiyasyon yo konn jwenn.

Kidonk, lè nou jis di “Bòn fèt” jou sa a, se tankou n ap bliye tout sa yo ki se rezon batay y ap mennen. Olye n nou nan mache di sè nou, manman nou, zanmi fi pwoch nou “Bòn fèt”, nou dwe poze tèt nou kesyon sa : Ki sa n ka fè pou chanje sa ?

Edikasyon : kle pou yon sosyete pi jis

Si nou vle fanm yo kapab viv ak respè, ak dwa yo, fòk nou kòmanse edike jenerasyon k ap vini yo :

  1. Edikasyon ti gason ak tifi : Travay fanm pa sèlman lave, fè manje, oswa okipe timoun epi sèks. Se pa gason sèlman ki ka mennen biznis oswa dirije. Nou dwe aprann timoun nou yo egalite depi nan fanmi, lakay nou.

  2. Enstwi ti gason pou yo pa domine fanm : Anpil gason grandi ak lide ke yo gen pouvwa sou fanm, sa ki konn rive, pa egzanp, nan koze vyolans sou fanm. Fòk nou montre yo respè ak bon jan valè pou fanm, pou nou ka elimine vyolans ak enjistis.

  3. Bay fanm plis opòtinite : Lè nou bay fanm plis aksè ak ledikasyon, travay, ak plas nan milye politik la, n ap ede sosyete a devlope. Yon peyi pa ka avanse si mwatye popilasyon li an ap viv nan opresyon.

Ann Aji olye n selebre

8 mas se pa yon jou pou fanm prensipalman mete bèl rad ak resevwa flè, menm si, jan nou di l pi wo, sa ka toujou fèt, men se yon jou pou nou reflechi, mande chanjman, epi kontinye batay pou dwa fanm yo respekte. Fanm pa bezwen “bòn fèt,” Fanm bezwen respè, Fanm bezwen valè, Fanm bezwen chanjman !

Oggi Regis

Fondateur & PDG de Bèlide Magazine | Brand Designer

Related post

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *