
Lè yo met yon bòl oswa kivèt aliminyòm sou yon poul pa egzanp epi y ap bat veso a, ou konn poukisa ?
Sòti sou yon senp obsèvasyon yon moun, doktè Chrismy bay nou yon bèl leson sou sistèm nève a, reyaksyon a chòk, ak kapasite lavi a pou rebondi.
« Gen on ti kokoye ki sot tonbe sou on poul la. Mwen wè yo mete l anba on kivèt aliminyòm, y ap bat kivèt la » – @Mario_Nation sou X.
Nan kilti nou, se pa premye fwa nou tande pawòl sa, « mete yon bòl oswa yon kivèt aliminyòm sou yon bèt – sitou poul – epi bat kivèt la ». Nou toujou tande sa lè bèt la tonbe nan yon eta chòk kote li pa vrèman reponn. Men poukisa ? Kisa sa itil menm ?
Dapre doktè Chrismy Augustin :
« Bat yo ap bat kivèt la pwodui anpil bri, sa ki kreye yon sòt revèy sansoryèl lakay poul la, epi li vin soti nan eta chòk ak letaji li te ye a. Epi menm jan ak moun, zannimo yo genyen sistèm “fight or flight response” lan tou, bri kivèt la + fènwa + espas fèmen an pote panik epi sistèm nève a rebalanse pou sove lavi l epi l repran lavi nèt ».
Bat yo ap bat kivèt la pwodui anpil bri, sa ki kreye yon sòt revèy sansoryèl lakay poul la, epi li vin soti nan eta chòk ak letaji li te ye a. Epi menm jan ak moun, zannimo yo genyen sistèm “fight or flight response” lan tou, bri kivèt la + fènwa+ espas fèmen an pote panik epi…
— Chrismy is a bit tired. (@LikeChrisss) June 4, 2025
Mekanis sa yo rele “fight or flight response”, pa egziste lakay moun sèlman – li prezan lakay zannimo tou. Li se yon reyaksyon kote kò a aktive tout sa li genyen pou l sove tèt li. Li fè kè a bat pi vit, akselere respirasayon an, elt. Apre sa, “système parasympathique” la – ki se yon “fren pou kò a – pran relè a pou kalme kò a epi fè li retounen nan eta nòmal li (repo).
Men ka gen yon lòt reyalite tou
Doktè a rive aprann nou tou si chòk la twò fò, si domaj la te gentan fèt depi anvan, pafwa sistèm nan ka pa rive reponn, epi bèt la ale nan peyi san chapo.
Obsèvasyon sa, malgre li senp, montre kijan bèt gen kapasite pou l reponn ak sitiyasyon chòk, menm jan ak nou. Li mete aksan sou enpòtans konpreyansyon chòk – pa sèlman fizik, men sansoryèl ak emosyonèl tou – e kijan yon stimili (yon son, limyè, oswa mouvman) ka pèmèt lavi tounen.
Li ka jis yon obsèvasyon, men li fè n konprann sa nou tout (moun ak bèt) kapab viv : gen chòk ki ka fè nou tonbe, men tou gen stimili ki ka pèmèt nou rebalanse.