Activité culturelleArtCulture

Danta : « Yon nanm, yon listwa »

« Nanm mwen frape ak lespri m, li pantan » s on limaj ki bay nanm ak yon alevini sou sa n ap viv chak jou san n pa janm mete non sou yo. Non pou n di sa yo ye a, non pou n di sètase. Ase pou n sispann viv sou kontrenn, ase pou n sispann viv nan kachkachliben k ka pote n ale bay peyi san chapo, malgre chapo bònèt lamizè gentan ravaje rèv nou depi anvan n gen lide dòmi. Nou pantan wè sa n devini, poutan n potko menm nan dòmi.

Manman m se t on fanm chay, men yon chay fanm lavi pa t ka pote ale, se ti moso lapawoli yon tilèzany 13 lane yon jenn bray te anfrajele nan yon jaden pwa kongo. Tilèzany sila pa t gen mo, se te jis sibi, apre kèk mwa l ta pral akouche Danta. Manman viktim nan (Swamèn) rann dènye souf li ak chay lou a sou lestonmak li. Kouman yon tilèzany pral leve yon tizanfan san kenn lòt moun pou ba l lebra? Jou ale, jou vini, Danta grandi nan mitan silans legzistans papa l ak laperèz manman l sou demen miyò tchovi l la. « Man, kot papa m? », se te kesyon Danta pou brize silans ki ta ka kite sikatris nan fonkè l pita. San twòp detou, manman l reponn : « Pitan m, papa w mouri ». se pa t pi bon repons Danta ta ka resevwa, men se repons ki ta ka pi sensè manman l te ka ba l piske depi zak la, pa g okenn nouvèl sou legzistans jenn bray la.

Danta grandi nan yon listwa lanmou ak manman l ; Danta grandi sou tout fòm kontrenn lasosyete a mete sou fanm ak jenn tifi ; Danta grandi nan mitan legliz ak lekòl k ap tante drennen l pou mete l sou fòm lasosyete a aksepte a. Danta ak Manman l pataje lajwa, lakontantman chak jou kòmsi se te dènye yo t ap wè, menm si dèyè chak moman yo g on lapenn ki kache ak vwèl dezespwa, vwèl kè sere manman l. Danta gen 17 lane, li nan segonn, li se fyète yon manman k pa t gen twòp lespwa sou kouman l ta pral leve zanfan an. Danta grandi vit, li antre nan li tout modèl diskou, estereyotip ak mal fòmasyon diskou sou moun nan sosyete a – sa ki parèt nòmal piske l t oblije pase anba moul legliz ak lekòl ki se makfabrik ansanm bagay s yo – pou pretann yo vle yon pi bon sosyete k pa wè tout moun menm jan.

17 lane, nan sere liben – ki se youn nan pi bon modèl ledikasyon n jwenn pa bò isit – Danta rive gwòs pou yon jenn pòtray gason ki potko f anyen pou asire yon demen miyò. Nan sere liben, pou evite tout diskou pastè ak fidèl legliz yo, nan sere liben pou evite diskou vwazinay sou sa k rive a, nan sere liben pou reyaksyon kanmarad lekòl yo, nan sere liben pou yon leta dwatgòch ki vòlò libètinay kikonk moun sou sa lavi l ta dwe ye, Danta ale wè yon chalatan pou dechouke boul san k t ap fòme nan li a. Nan sere liben, apre anpil soufrans pou yon kout sizo mal taye anba men chalatan an, Danta kite yon timoso papye kòm rekonpans pou manman l pou eksplike sa k rive a e pouki l t oblije pase anba men chalatan an ki lakòz jounen jodi a, li nan peyi san chapo. Yon nanm anplis ki ale sou sèl pretèks leta k pa t ba l volonte pou l te deside sou sa l vle san l pa nan sere.

Pyès moun, m di byen, pyès pa t ka soti dan yo nan fouwo apre yo fin asiste ak yon espektak konsa ayè vandredi a nan lakou okap –Masure, Rue 23B – nan kad festival Atizay Rasin nan. Se Gran dayiva Gaelle BIEN-AIME ak lot akwolit li yo : Joeanne JOSEPH, Charline Jean-Julles, ki te mèt sèn nan. Sèn nan te dekore pou montre aklè valè kiltirèl peyi a : rido nwa ak wouj, yon kivèt blanch, yon balenn blanch te limen sou yon titab ba ki te g on nap koulè vèt sou li. Pou vwazinay te apeze doulè manman Danta, yo te itilize fèy ak pafen florida – yon koutim ki di anpil bagay nan zafè tradisyon vodou nou an – yon krich ak yon gòdèt blanch. Karikati sila te vle vann nou enpòtans tradisyon an genyen nan tout dimansyon nan lavi n.

Si pou anpil moun, teyat se griyen dan, m di n byen ayè se te pi wo nivo trajedi pyès moun pa ta renmen viv akòz jouk jounen jodi a, leta peyi n pa bann volonte pou n deside si n dwe kite yon timoun grandi nan vant nou, oubyen n ka di n pa vle. Espektak sila se te yon goute, yon gout dlo nan yon loseyan pou anonse tout sa k pral genyen pandan yon senmenn, soti dimanch 19 pou rive samdi 25 mas la nan festival la.

Livret Mars
FEMME : synonyme de vie✨, de courage, de force💪🏾, de tendresse💕 et d’amour❤️… Une fois de plus, ce 8 mars, Bèlide Magazine tient à honorer les femmes d’une manière spéciale à travers son livret du mois de mars rempli de surprises pour l’occasion. À la Une, on y retrouve un portrait de quatre courageuses femmes haïtiennes💁🏾‍♀️. Placez vite votre commande dans le lien ci-dessous et jouissez de ce petit bijoux📚 https://forms.gle/GuEf7AaevBiif8tY8

Comment here