Lang ak Kilti Kreyòl : rasin idantite nou
Chak 28 oktòb, Ayiti selebre Jounen Lang ak Kilti Kreyòl. Men, pi lwen pase jis yon dat, se yon moman pou nou tout gade tèt nou nan glas, pou n sonje ki moun nou ye, kote nou sòti epi ki direksyon nou vle pran kòm pèp Ayisyen.
Lang kreyòl la li menm pa sèlman yon zouti kominikasyon ; se fondasyon idantite nou. Se nan li nou aprann pale ak pwòch nou, ri ak zanmi nou, eksprime doulè, lanmou, kòlè, ak rèv nou. Se li ki pote memwa pèp ayisyen an, soti nan batay lendepandans lan rive jounen jodiya. Se yon lang ki fèt nan rezistans, nan kreyativite ak nan nesesite pou kominike malgre baryè ak dominasyon.
Kilti kreyòl la, menm jan, se kòmansman ak kontinyasyon listwa nou : nan dans, nan manje, nan atizay, nan pawòl, elatriye… Chak mizik, chak pwezi, chak pwovèb pote yon filozofi lavi, yon vizyon sou mond lan, yon fason pou konprann solidarite ak diyite.
Men malgre tout richès sa yo, twòp fwa, nou trete ni lang ni kilti kreyòl la kòm “dezyèm klas”. Nou kontinye bay sa ki sòti lòt bò dlo plis valè, nou panse se sèlman lè n pale lang etranje nou entèlijan (menm si yo enpòtan, yo ta dwe jis yon diplis), konsa nou kontinye divize tèt nou anndan pwòp sosyete nou.
Pandan tan sa, si nou vle yon devlòpman reyèl, yon sosyete ki egal, yon ledikasyon solid, nou dwe rekonèt kreyòl kòm poto mitan tout sa n ap bati.
Revalorize lang ak kilti kreyòl la, se pa sèlman yon kesyon fyète men se yon kondisyon pou pwogrè sosyal, ekonomik, ak entelektyèl. Lè n ba li plas li merite, nou ouvè pòt pou plis inovasyon, plis patisipasyon, ak plis jistis nan fason konesans ak opòtinite yo pataje.
Bon selebrasyon Lang ak kilti kreyòl ! Se pou chak 28 oktòb tounen yon rapèl pou aji nan lekòl, nan medya, nan administrasyon piblik, nan tout nivo lavi nou. Paske se lè n respekte sa ki fè n sa nou ye, nou kapab bati yon sosyete ki pi djanm, ki plis ini epi ki vrèman lib.

