Kafou Listwa pou selebrasyon 222 lane batay Vètyè

Kafou Listwa pou selebrasyon 222 lane batay Vètyè

Lakou La Réserve te akeyi “Kafou Listwa” nan jou ki te 18 novanm 2025 lan. Se Jeunesse Engagée pour la Renaissance d’Haïti (JERH) ki te òganize aktivite sa nan lide pou make dat sa ki selebre 222 lane batay Vètyè. Atravè yon konferans ki touche plizyè pwen ki konsène paj listwa sa, piblik la te sòti edifye.

Konferans lan te kòmanse ak entèvansyon Welele Doubout, ki te abòde sijè “Plas ak wòl Vodou a nan batay Vètyè a”. Nan pawòl li yo, vodouwis la atire atansyon asistans lan sou move pratik popilasyon an ap fè ak vodou a, alòske yo te dwe itizile l pou avansman kominote a. Pou sa, li te pran egzanp sou zansèt nou yo ki se sèl gwoup ki te rive bay tèt li libète aprè yo te chase kolon franse yo sou bout tè sendomeng lan.

Nan pati pa l la, Richecarde Céléstin te gen pou entèvni sou sijè “Vètyè kòm senbòl inite istorik”. Jounalis la te mete aksan sou enterè divèjan ki te genyen pami gwoup moun ki te abite zile a nan epòk la. Esklav yo, afranchi yo ak kolon yo pat wè bagay yo menm jan, men divèjans sa yo pat anpeche de premye gwoup yo mete tèt yo ansanm pou yo rache libète yo nan men opresè yo.

“Lespri Vètyè a, baz pou yon nouvo kontra sosyal”, se sijè Thédisson Germain Denis te abòde. Entèvenan an te atire atansyon nou sou plizyè anje batay Vètyè a te charye dèyè l. Premye anje a te relijye paske batay la te opoze Vodou ak Katolik. Te gen anje ideyojik, paske te gen yon pèp yo konsidere kòm sovaj epi gwoup kolon yo te wè tèt yo kòm moun sivilize. Te gen anje ekonomik tou, Sendomeng te trè pwodiktif, e se pou rezon sa yo te rele l “perle des Antilles”. Boutofen, Thédisson te fini pa di asistans lan nesesite pou yo fyè de listwa yo ki inik nan mond lan.

Finalman, Stéphanie Sophie Louis te klotire konferans lan ak sijè “Diyite kòm fondasyon sitwayèn ayisyèn”. Entèvenan an te abòde dinamik sosyal k ap pase nan mond lan, epi nan ki nivo y ap repwodui chema dominan domine a, kote pòv yo ap apovri epi rich yo ap anrichi, tout sa yo gras ak lesklavaj modèn modèl kapitalis la enplante. Pou Sophie, diyite se pi bon fason pou deriv Ayiti ap viv yo endinye nou, yon fason pou nou sispann aji an zonbi epi revòlte nou pou n sa jwenn bon jan chanjman.

Piblik la te parèt edifye, e se sou yon delij aplodisman chak patisipan te remèsye entèvenan yo pou bon jan konesans istorik yo te pataje. JERH refè l ankò, toujou nan sousi pou pa kite dat enpòtan sa yo pase inapèsi, toujou nan volonte pou fòme jenès la sou reyalite peyi a, ak potansyèl li. Kafou Listwa se yon inisyativ ki mande plis limyè.

Herbert Nerette

Rédacteur & Resp. de Création de contenus à Bèlide Magazine

Related post

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *