Société

2 pwojè biznis jwenn sipò Prestige pou yo dekole

Jou ki te 6 Me a, se te final dezyèm edisyon konkou “Dekole Biznis ou” Prestige òganize nan objektif pou ede jèn yo pouse lide biznis yo pi devan. Sou 10 pi bon yo, 2 biznis sèlman jwenn sipò finansye Prestige te pwomèt la.

“Brase lajwa nan bon jan tèt ansanm pou n enspire yon pi bon mond”, se ak mo sa yo byè peyi a dekri misyon l. E nan objektif pou enspire yon pi bon mond, yon pi bon sosyete, bò kote pati biznis la, yo gen pati sosyal la kote yo bay tèt yo misyon pou patisipe aktivman oswa kreye aktivite sosyal, aktivite k ap bay moun yo, sitou jèn yo, ankourajman nan yon peyi kote prèske tout lespwa ale. Pami yo, “Dekole Biznis”.

“Dekole Biznis” sou dezyèm edisyon l. Se yon konkou kote Prestige resevwa plizyè pwojè biznis, nan divès domèn, pou yo rive bay prim a sa ki pi bon yo. Ane sa yo te resevwa plis pase 750 pwojè. Apre premye etap la, yo te kenbe 50 pi bon yo kote yo te òganize plizyè emisyon televize pou prezante 50 pwojè sa yo. Apre etap sila, dapre ekip oganizatè ak jiri a, se nan difikilte yo te rive kenbe 10 pi bon yo pou final la ki fèt jodi samdi 6 me 2023 a nan lokal BRANA.

“Nan yon peyi kote sitiyasyon an ap dejenere konsa, se enpresyonan pou wè gen jèn toujou ki gen bèl lide ki orijinal nan tèt yo”, dapre direktris maketin konpayi a. 10 bèl pwojè pou 10 gwoup prezante pou rive konvenk yon jiri ki te genyen Kervens Saint Sauveur, Stéphanie Sophie Louis, Benito Clermont ak Romual Samy. Nou te genyen “BLEMUR” ki la pou pwodiksyon ble ak pitimi, “FAM NATI” pou elvaj abèy, pwodiksyon myèl ak pwodui kosmetik a baz myèl, “OPT TRANSPORT” pou modènizasyon sistèm transpò an Ayiti, “BAKED GLUTEN FREE” ki espesyalize l nan ede w manje an sante san “Gluten”, “BELLEPEAU” ki la pou tretman po, “TROPICAL FROST” ki la pou fè glas a bon mache, “KAÛNA” ki nan transfòmasyon kakawo, “ALPHA PAPERS” ki fabrike anbalaj papye ak bwa bannann ak “2FLK” ki vin pou ede w transfòme minit Natcom an minit Digicel (vise vèsa) e ki transfòme minit an lajan tou. Malerezman dizyèm nan pa t ka prezante paske prezantasyon li an pa t respekte divès prensip yo.

Jan nou sot di l la, 10 bèl pwojè men konpayi an ka sèlman sipòte 2, men jiri a ak ekip òganizatè pa t neglije felisite tout moun e ankouraje tout moun ki te patisipe e envite yo pa kanpe la, paske pwojè yo enteresan e itil pou sosyete a. Enben, apre deliberasyon jiri a 2 pwojè ki ranpòte lamayòl se “FAM NATI” an dezyèm pozisyon epi “ALPHA PAPERS” ki ranpòte gwo lo a. Felisitasyon a yo menm e a tout patisipan yo.

Bò kote pa l, ekip Bèlide Magazine nan ap di n kontinye chimen nou, vanse paske wout la pa fini la. Se ka petèt pa jodi a men jan atis Rutshelle di l nan mizik li, “RENDEZ-VOUS AU SOMMET”.

Reviv final la an imaj sou : https://drive.google.com/drive/folders/1iB5UIyXIkFrnYoJ25__N7_GVCHjhMllK?usp=sharing

Reviv final la sou : https://fb.watch/knQ3irkNBh/

Comment here