CultureMusique

“Pou timoun yo”, yon mizik ki dekri reyalite yon bann fwaye jounen jodi a

"Pou timoun yo", yon mizik ki dekri reyalite yon bann fwaye jounen jodi a

Ase souvan lè w nan lari, ou konn kwaze yon seri de koup ki konn tèlman damou ke w konn ap mande tèt ou si moun sila yo konn fè ti boude pou menm yon segonn. Men anpil fwa, se konn bon lenpresyon y ap fè jis pou moun pa konnen sa k ap pase anndan kay a yo. Pijon nan lari, chen mechan nan kay.

Fwaye brize k ap viv ansanm sa yo, konn aksepte rete nan pozisyon sa a ki trè pa an favè yo youn pou plizyè rezon : kèk fwa, se pou kouri pou kòmantè lantouray yo ak kèk reyaksyon “m te pale w” ; dèfwa tou, se pou kesyon kwayans relijyon yo ; kèk lòt fwa, se konn pou defann kèk enterè ekonomik epi kontinye jwi lavantay fwaye a te konn ofri yo ; men nan majorite ka yo se konn pou pwoteje timoun yo de konsekans divòs yo (pou sila ki genyen yo). Jan anpil moun di l, depi w gen pitit ou pa priyorite ankò ; gen de desizyon avan w pran l, ou oblije panse plizyè fwa a timoun yo. Menmsi li t ap nan avantay ou depi avni tchovi yo antre an kesyon, ou oblije repliye w.

K-Dilak, yon chantè nan endistri mizik ayisyen an, ki vann tèt li tankou mesaje a, te deside dekri reyalite sa a anpil fwaye ap fè fas a li a nan mizik “Pou Timoun Yo” li a ki te soti jou mèkredi ki te 15 mas la.

Ladan l, li rakonte listwa de moun ki te marye men ki rive nan yon moman kote pa gen okenn moso lanmou nan mitan yo, tout lyen brize, e w ta ka menm di se de (2) moun ki gen dan youn kont lòt tèlman pa gen vi. Men piske yo gen de (2) timoun pou yo fè levasyon, yo blije ret ansanm pandan y ap vann yon imaj ki pa vre. Lè madanm a mouche sila yo ansanm youn konn prèske dechire lòt depi yo sispèk pa gen je sou yo ; men kou yo nan lari ak nan prezans ti lezany yo, mouche Roméo ak manzè Juliette paka wè la. Kèk fwa, yo tou de konn anvi krake, yo youn pa ka kenbe, mantalman yo fini, yo pa anvi kenbe ankò men a chak fwa yo sonje timoun yo, nan lide pou ofri yo yon vi nòmal ak yon bon demen, yo aksepte ret soufri pandan yo chak nan bò pa yo.

Pou Timoun Yo - Screenshot

Jan anpil grandèt renmen di l, timoun se ti radyo, yo kapte tout ti detay, sa ou menm ou konn pa prete atansyon a li, yo gentan wè l e menm kenbe imaj la. Paran yo konn fè tout sa ki depann de yo pou timoun yo pa viv sitiyasyon dyèl yo, men timoun nan gentan kapte kèk detay. E menmsi l pa pale, li wè. E se sa videyo a montre n. Rive nan moman kote yo jije timoun yo gen ase konprann, yo rive nan yon laj kote yo ka sipòte chòk yo, yo deside anonse yo sa ki te gen nan mitan yo depi pase plizyè lannen nan lide ke okenn nan yo pat wè anyen men poutan tifi a te temwen kèk sèn ki remonte nan tèt li kote l resevwa nouvèl la. Chòk, sezisman, dlo nan je men o final moun yo separe, epi chak moun fè chimen yo.

Pou Timoun Yo - Screenshot

Pou Timoun Yo” se yon tit ki montre jis nan ki nivo yon paran ka rive pou pitit li ; li lese konprann e raple nou : menmsi nou byen jwe nan yon relasyon ki pa gen vi pou pèsòn pa detekte anyen ap toujou gen yon je k ap wè gen yon bagay ki pa ale, menmsi l pa ta timoun yo. E youn nan bagay enpòtan li fè wè se kèlkelanswa fason w divòse ni nan ki moman w chwazi fè l la, l ap toujou kite chòk e depi pa gen vi ankò nan yon relasyon, kèlkeswa rezon ki ta ka pouse nou ret ansanm nan, separasyon ap toujou met pye.

Yon fwa ankò, K-Dilak pwouve li merite tit mesaje li bay tèt li a. Anpil bagay ki rete kache nan galata sosyete a, li itilize mizik pou espoze yo e denonse kèk tou. Fwa sa, li di a gwo vwa sa anpil fwaye ap travèse nan silans yo.

Comment here