Culture

Gede, se nan tèt li danse

Gede

Depi yon semèn avan dat la rive, yon sèl mo k ap fè monte desann nan tèt Dyesèl, “tchaka”. Misye sonje lè konn gen sèvis nan bitasyon gran paran yo, manje serye sa a pa t janm absan nan festivite yo. Nan moman konbit tou, se li ki te sèvi fòtifyan pou fanm ak gason djougan k ap travay yo. Tradisyon yo ale vre, gen lontan tchaka pa layite kò l nan kui ankò.

Erezman oktòb resi fini, premye novanm mete pye, se moman Gede. Gede yo reprezante lespri lanmò yo nan vodou a. Se Grann Brigitte ak Bawon yo ki la pou gide yo. Jeneralman se nwa ak mov ki se koulè Gede yo, men gen sèvitè ki konn vini ak mouchwa blan lè yo bezwen kominike ak yon moun pa yo ki mouri. Listwa ki lye ak nesans lespri sila yo gen orijin li nan nannan Lafrik, pi presizeman nan ansyen wayòm Dahomey a.

Ann gade ansanm kisa mit la rakonte

Alepòk te gen yon maladi k ap fè anpil ravaj nan wayòm nan. Malgre moun yo adrese plizyè priyè bay dye yo, medsen tradisyonèl yo, yo pa t janm rive jwenn yon remèd pou yo sipòte fleyo a. Rive yon moman lè sa vin pi grav, gen kèk moun nan popilasyon an ki pran sipliye zansèt yo yon fason pou yo releve resèt ki ka ede yo geri maladi a.
Apre plizyè echèk, Wa a konsilte medsen yo. Yo di l se premye pitit li a pou li sakriye nan lide pou misye pote mesaj la dirèkman bay zansèt ki deja nan mond mò yo. Non pitit la se te Gede, e yo te deside si li reyisi y ap mete yon wòch sou tonbo l pou tout moun ki nan kominote a vin mande gerizon pou pwòch yo ki malad grav. Finalman, zansèt yo ba yo yon resèt pou medsen tradisyonèl yo fabrike yon posyon. Se konsa yo rive chase maladi ki ta p fè ravaj la, Gede sove vivan yo.

N ap retounen sou Dyesèl

Malgre se yon festivite ki lye ak koze lanmò, gen kèk peristil ki toujou prepare tchaka. Kidonk Dyesèl deside monte kot tonton l lan, l ap jwenn lamanjay la kanmenm. Misye ale bonè, lè li rive te gentan gen anpil moun nan peristil la, mouchwa mov ak blan fè kenken. Nan sila ki monte yo, genyen k ap fwote piman nan bòbòt yo ak nan tèt grenn yo, genyen k ap manje boutèy. Kòm se pa pou sa misye te vini, li chache wout kizin. Pandan l tou ap parèt konsa, misye dekouvri yon bèl bòl tchaka sou yon tab ak de gwo mòso vyann bèf k ap dodo meya anlè l. Dyesèl tante, li gade anwo anba, pa gen moun, li plonje sou bòl tchaka a, li ranje kò l nan yon kwen epi li savoure l.

Lè misye fini, li depoze bòl la tou dousman, epi l demake pou li met deyò avan yon moun vin pantan sou li nan kwen an. Apenn li pral franchi pòtay peristil la pou l sòti, li santi yon kout rigwaz nan do l vrip. Ak yon grimas doulè sou figi l, misye vire, li pa wè moun dèyè l la. Li resevwa plizyè kout rigwaz ankò, san l pa wè kiyès k ap maltrete l konsa a. Epi se nan moman an misye konprann se ginen lakou a k ap kale l akoz derespektan li sot fè a. Dyesèl fè tout rès matine a ap pran baton pou visye.

Bon Gede tout moun !

Comments (1)

  1. Mesi ou heritag sa re transmet a trave lekriti! Pa molí nan zev sa

Comment here