CultureMusique

“100 000 mo”, nouvo mòso Ken FS ki anonse bif ak kèk zanmi pwòch li ak nouvo pwojè l

KenFS
Nan nouvo trak li ki sòti 17 mas la, KenFS devwale anpil koze ki lye ak vi pèsonèl li. Nan mòso rap sa ki titre “100 000 mo” e ki dire anviwon trèz minit, rapè Pòdpè a mansyone trayizon li sibi anba kèk pwòch li, e pou kèk entènot ki deja tande mizik la, kèk pasaj ta sanble adrese dirèkteman ak D-Fi epi Krispèk.

100 000 mo” se dabò yon mizk kote KenFS pran anpil tan nan retounen sou pakou li antanke rapè epi pwofite remèsye fanatik li yo. Tit mizik la menm se yon referans dirèk ak kantite moun k ap suiv Black lyriciste la sou YouTube (107 mil nan moman atik sa ekri a). Men sa ki sisite anpil pale sou rezo yo se kèk pasaj kote otè “Reskape” a mansyone trayizon li sibi anba men kèk trèt li te gen konfyans nan yo.

View this post on Instagram

A post shared by KenFs (@kenfsofficiel)

“Gen tò m paka ba ou vye frè menm si w trèt mwen” se youn nan pasaj ki ta sanble adrese ak D-Fi. Sepandan relasyon zanmitay ki egziste man mitan de rapè yo pa yon sekrè pou pèsonn. Nan albòm “Veni Vidi Vici” yo fè ansanm nan epi sou kèk lòt mizik yo fè an solo, youn pa janm ezite mansyone non lòt menm jan D-Fi te fè l nan dènye pwojè li a sou mòso ki titre “Pèleren solitè”. Anplis de pasaj sa, anpil lòt lirik sanble sible rapè Castro a, men lòt bagay ki atire atansyon se enplikasyon fanmi Ken FS nan sa ki fèt la.

100 000 Mo - KenFS

Kanta pou Krispèk, KenFS site non l klèman nan fen mòso a. “Men avan sa m ap tann yon excuse nan men Krispèk” se yon pasaj ki pa kite plas pou lòt entèpretasyon. Èske sa ta vle di pral gen bif pami twa rapè sila yo ki abitye kolabore ansanm ? Èske endistri mizikal la pral akouche yon lòt gè nan mitan kèk rapè ki te konn rele tèt yo frè ?

Annatandan kesyon sa yo jwenn yon repons nan jou k ap vini yo, li enpòtan pou nou presize non D-Fi pa site ditou nan mizik la. Kidonk posibilite pou atak KenFS yo pa vize l pèsonèlman egziste. Asireman, trak “100 000 mo” pako fin fè tole, li sèten reyaksyon lòt de rapò yo ap ede nou konprann pi byen sa ki pase a. E nou p ap bliye atis la pwofite anonse nouvo pwojè l pou 2025.

Comment here