CultureSociété

Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl

Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl

Mwa oktòb se mwa lang kreyòl ak kilti kreyòl. Jounen jodi a yo selebre evènman sila a nan amerik la, nan karayib la, an ewòp epi nan oseyan endyen an. 28 Oktòb se dat yo kenbe pou selebre jounen entènasyonal lang kreyòl la. Ki kote jounen entènasyonal lang kreyòl sa sòti ?

Plizyè kòlòk reyalize sou kesyon lang kreyòl la avan nou abouti ak jounen entènasyonal lang kreyòl la. Nan lane 1979, nan peyi Seychèl, yon kòlòk entènasyonal te òganize sou etid kreyòl, kote lengwis nan lemonn antye te reyini. Nan lane 1981, aprè yon kòlòk komite entènasyonal etid kreyòl te òganize kote tèm refleksyon an te : « Yon kreyòl, kreyòl yo, kontinyite ak kreyativite nan mond kreyòl la » ; kèk syantifik ki gen kreyòl kòm lang matènèl te kòmanse ap poze kesyon sou ki metòd ki kapab pwomouvwa lang kreyòl nan mond lan.

28 oktòb nan « Vieux Port », Sent Lisi, kreyolofòn yo deside regwoupe yo pou yo kreye yon mouvman ki te rele « Bannzil Kreyòl », yo te chwazi dat 28 Oktòb la, paske abitan peyi Ladominik te deja gen menm dat sila a pou selebre « Creole day » la. Nan lane 1982, gouvènman peyi Seychèl te òganize yon semèn kreyòl, nan menm lane sa mouvman Bannzil kreyòl te redije tèks fontadè li a nan yon bilten trimestriyèl.

Yon lane aprè, 28 Oktòb 1983, premye jounen Bannzil kreyòl la te dewoule yon fason ase dezòdone, men lane aprè lane, selebrasyon jounen sa amelyore. Nan kèk peyi, aktivite pou defini jounen sa, vin pi enteresan e siyifikatif.

Depi lè sa, 28 oktòb la selebre nan tout peyi ki pale kreyòl yo. Anpil peyi jodi a selebre jounen sa. Ane sa, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) te lanse ofisyèlman selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl lan sou tèm : « Lang kreyòl ayisyen nan lasyans : wi, nou ap vanse ! »  Jan Renauld Govain, Dwayen Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) di l, “kreyòl la, se yon lang lasyans tankou tout lòt yo, yon lang se tankou yon bwat zouti, se nou menm ki dwe louvri bwat la pou nou pran zouti nou bezwen an”. Lang kreyòl la se yon lang menm jan ak tout lòt yo (fransè, anglè, italyen elt…) li sèvi pou kominike. Lang kreyòl la chaje varyete, pami yo nou jwenn : kreyòl ayisyen, kreyòl matinikè, kreyòl gwadloupeyen, kreyòl dominiken, kreyòl morisyen, kreyòl giyanè elt…

Lang kreyòl la se motè ki konsène ayisyen, li ede nou konsève ak prezève sa n genyen kòm patrimwàn kiltirèl imateryèl. Soti nan resèt kizin pase pran pwovèb yo ki se temwayaj sajès nou kòm pèp, pase pran istwa kont nou yo san bliye divès chante popilè ki la depi digdantan rive nan konpa, se lang la ki konsève yo epi pèmèt yo rive jwenn nou pou n rapouswiv transmisyon yo bay lòt jenerasyon. Lang kreyòl nou pale a se rezilta yon pakèt batay nou mennen pou konstui yon zouti kominikasyon ant nou menm esklav nan tan lakoloni. Zouti sa a te pèmèt nou youn konprann lòt, nou youn solidè ak lòt, nou youn planifye ak lòt pou nou rive kase chenn lesklavaj.

Lasyans klè sou sa deja, kreyòl la se lang tankou tout lòt yo. Se lang manman nou fòk nou valorize l, annou vanse ak li.

Lourdes-Millard Estimé

RÉSERVEZ VOTRE LIVRET

Livret Novembre 2022

En cliquant sur ce lien : https://forms.gle/t5R66F38A1tfBpCv9

Comment here