Science

Èske ou konnen nan ki moman nan ane a lajounen egal ak lannuit ?

Équinoxe
Lajounen egal ak lannuit de (2) fwa chak ane, se pandan ekinòks yo (Équinoxe). Jeneralman, ekinòks yo fèt nan peryòd 19 pou rive 21 mas ak  nan peryòd  21 pou rive  24 septanm, ki make kòmansman prentan ak otòn. Moman sa yo espesyal paske dire lajounen ak lannuit prèske menm bagay pou n pa di menm bagay tout kote sou planèt la (12/12).

Daprè ti rechèch nou fè, nou jwenn mo “ekinòks” la soti nan laten aequinoctium, ki vle di “lannuit egal”. Sa rive lè aks tè a pa enkline ni sou direksyon solèy la ni kont solèy la, epi toude emisfè yo resevwa prèske menm kantite limyè solèy.

Daprè Enstiti Mekanik Selès ak Kalkil Efemerid yo (Institut de Mécanique Céleste et de Calcul des Éphémérides – IMCCE), nan peyi Lafrans ki gen yon misyon sèvis pou reyalize efemèrid ofisyèl nasyonal yo epi yon misyon rechèch nan domèn mekanik selès la, epi devlope aktivite pou enfòme piblik la (ki gen ladan enfòmasyon sou astwonomi), ansèyman ak fòmasyon, fè konnen : ekinòks septanm nou te ka rele Ekinòks otòn ap fèt jodi dimanch 22 septanm 2024 la. Nan emisfè Nò a, li make yon tranzisyon ant sezon cho a, ki dèyè nou, ak sezon frèt la, kote nou ap prale.

Kidonk, kòmanse nan dat sa a jouk nou rive 21 desanm (ki pral make sokstis divè, pou se sezon fredi a), solèy la ap klere plis emisfè Sid la, ki pral akeyi prentan an, epi apre sa, lete. Okontrè, emisfè Nò a ap resevwa pi plis chak jou mwens limyè, epitou sa vle di l ap resevwa mwens enèji ki soti nan solèy la, kisa nou ta vle di menm ? Se nan moman ekinòks otòn sa a nou pral tanmen ak jounen sonb kote yo ‘pral pi kout, e lannwit li menm pral pi long’.

Pou n fini, moman sa yo montre aklè tout pakilarite ki genyen nan lanati ki rann li esepsyonèl. Sou latè ekinòks yo enpòtan nan plizyè kilti, kote yo reprezante chanjman sezon, e pafwa renesans oswa rekòt.

Jewograf : Jacklin Chouloute 

Comment here