Culture

Yon rale mennen vini sou lang ak kilti Kreyòl

Kreyol

Mwa oktòb se mwa lang kreyòl ak kilti kreyòl. Jounen jodi a, yo selebre evènman sila a nan amerik la, nan karayib la, an ewòp epi nan oseyan endyen. Depi 1983, mond lan selebre jounen entènasyonal kreyòl la chak 28 oktòb.

Daprè Renauld Govain, dwayen Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), “Kreyòl la se yon lang lasyans tankou tout lòt yo, yon lang se tankou yon bwat zouti, se nou menm ki dwe louvri bwat la pou nou pran zouti nou bezwen an”.

Ki kote jounen entènasyonal lang Kreyòl la soti ?

Plizyè kòlòk reyalize sou kesyon lang kreyòl la avan nou abouti ak jounen entènasyonal lang kreyòl la. Nan lane 1979, nan peyi Seychelles, yon kòlòk entènasyonal te òganize sou etid kreyòl, kote lengwis nan lemonn antye te reyini. Nan lane 1981, aprè yon kòlòk komite entènasyonal etid kreyòl te oganize kote tèm refleksyon an te : “Yon kreyòl, kreyòl yo, kontinyite ak kreyativite nan mond kreyòl la” ; kèk syantifik ki gen kreyòl kòm lang matènèl te kòmanse ap poze kesyon sou ki metòd ki kapab pwomouvwa lang kreyòl nan mond lan ?

28 Oktòb 1981, nan “Vieux Port”, Sent Lisi , kreyolofòn yo deside regwoupe yo pou kreye yon mouvman ki pran non “Bannzil Kreyòl” , yo te chwazi dat 28 Oktòb la, paske abitan peyi Ladominik te deja gen menm dat sila a pou selebre “Creole Day” la. Nan lane 1982, Gouvènman peyi Seychèl te oganize yon semèn kreyòl, nan menm ane a mouvman Bannzil Kreyòl te redije tèks fondatè li a nan yon bilten trimestriyèl.

Yon ane aprè, 28 oktòb 1983, premye jounen Bannzil Kreyòl la te dewoule yon fason ase dezòdone, men ane aprè ane selebrasyon jounen sa amelyore. nan kèk peyi, aktivite pou defini jounen sa, vinn pi enteresan e siyifikatif.

Depi lè sa, jounen 28 oktòb la selebre nan tout peyi Kreyòl yo. Anpil peyi jodiya selebre jounen sa ; pandan yon semènn yo mete aksan an pi fò sou jounen 28 oktòb. Tèm ane an se : “lang tout kote, san fòs kote…”

Chaje tip kreyòl : kreyòl matinikè, kreyòl gwadloupeyen, kreyòl saint barth, kreyòl ayisyen, kreyòl dominiken, kreyòl saint lucien, kreyòl reunionnais, kreyòl giyanè, kreyòl seychellois, kreyòl mauricien, elt…

Kreyòl ayisyen an se yon kreyòl ki pale pa 11 milyon moun nan peyi a, 2 milyon nan rès mond lan, sitou kanada ak ozetazini. Depi 1987, Kreyòl ayisyen ofisyèlman pale nan peyi a.

Pa bliye abone a chèn YouTube nou pou ribrik “Santé sans tabou” nou an :

Pa neglije swiv nou sou facebookinstagram ak twitter (https://twitter.com/BelideMagazine)

Comment here