Coin littéraireCultureSociété

“Twou manti pa fon”

Twou

Tout aktivite ki mobilize moun, moun ak moun, gen tandans pou l ralemennen vini yon latriye bagay. Bagay sa yo gen pou w wè ak valè sosyete yo pataje ak moun yo, kèlkilanswa l ta moral, kiltirèl, ak lòt ankò. Nan valè sa yo, genyen ki se onètete, lwayote, senserite.

Nan tout sosyete yo, akote tout valè k genyen yo, gen yon ansanm vis pou detounen valè sa yo. Nan vis yo, nou jwenn manti, vòlè ak anpil lòt ankò. Moun k ap viv nan sosyete yo, pou kontrekare vis sa yo, yo vini ak anpil bagay. Tankou sa k gen pou w wè ak manti, yo vini ak onètete, onètete radikal. Dènye valè sa, li vini se nan lide pou w di sa w panse, sa w panse san kenn detou nan lide a. Ou di sa w panse a jan w panse l la.

Anpil moun ta fè konprann manti a se nan nati moun li ye. Menm moun sa yo ta fè kwè pyès moun pa ka echape ak manti a, li swiv nou nan pawòl n ap di, li swiv nou menm nan sa w pa di (sa yo rele omisyon an). Manti a, pou menm kategori moun sa yo, nan gade sèlman ou ka manti, e manti a se pa sèlman yon lòt moun ou ka bay li, men w ka nan manti ak tèt pa w. Sou pwennvi sa, nou pa pote kenn jijman.

Manti a, gen moun ki konsidere l nan plizyè nivo, sa gen rapò ak moman an oubyen rezon an. Gen manti k san kenn retou. Kòmkwa, ou bay manti a la, sa tou pase san w pa tounen sou li. Nivo sa a gen pou wè ak bagay ki plis minim yo. Yon bagay ki pa t gen twòp enpòtans. Gen manti k nesesite lòt manti pou rezon dèt premye manti a kontinye viv. Lè sa, nou nan pi wo nivo manti a. Se tankou n ta di w, yon moun ki bay yon lòt yon manti nan premye rankont li, toutotan moun sa yo kontinye wè, oubyen gen kesyon k poze sou manti a, sa pral mande pou moun nan bay lòt manti pou manti l la pi klè. Nan plizyè nivo sa yo, gen moun ki pran manti a tankou lavi yo viv chak jou a, yo bay li nan jwèt, yo bay li nan serye. Kidonk, ki limit manti menm ?

Nan tout rapò moun ak moun, se koyerans ak *konsistans* ki toujou pèmèt echanj yo fèt pi byen. Koyerans ak *Konsistans* lan, se lè w ka rive kenbe menm linye pawòl ou te genyen depi anvan toutotan gen tan san w pa fòse chanje l. Poutan, bay manti pa pèmèt ou kenbe *konsistans* lan paske se tankou s on zorany pouri k nan yo panye k plen zorany. Swa l gate tout panye a oubyen w retire l. Konsidere manti a, limit li se tan. Tan k ap pase a ap rive pote limyè ant moun yo. Manti nan premye nivo yo konn pase san pyès moun pa rann kont. Se paske manti a pa gen kenn lide kontinye. S on manti kounya e ki rete la. Men kenn manti pa rete manti jiskaske l demanti zafè tan an. Si n ta vle di l pi klè, manti yo, se tankou w grate yon ti tè w mete manti a, twou a pa janm fon. Yon jou, lapli verite ap gaye l kan menm.

Comment here