Société

Kanpay « Viv Dessalines », yon inisyativ Collinx Mondésir ak Atis BélO pou onore papa Nasyon an

Kanpay-Dessalines
Sòti 15 pou rive 31 janvye 2025, gran piblik la ap gen opòtinite apresye kanpay « Viv Dessalines », yon inisyativ Collinx Mondésir ak Atis BélO mete sou pye nan lide pou onore lavi ak kontribisyon istorik Jean-Jacques Dessalines nan batay pou libète. Pwojè sa ap gen ladan l yon seri kreyasyon atistik, refleksyon syantifik sou papa nasyon an, epi temwayaj piblik la sou ideyal ewo ayisyen an.

15 janvye ki sot pase a te make lansman kanpay « Viv Dessalines » nan. Nan yon kontèks kote peyi a ap konfwonte anpil pwoblèm ensekirite ak yon kriz ekonomik san presedan, inisyatè yo te jije pa gen pi bon moman pou ramne refleksyon sosyal Dessalines yo nan nannan deba piblik yo. Nan optik sa pwojè a vize dewoule sou baz twa wòch dife.

View this post on Instagram

A post shared by Collinx Mondesir (@mcollinx)

Premye a se kreyasyon atistik k ap reyini mizik, pwezi ak atizay vizyèl pou reflechi sou Dessalines. Ansuit, ap genyen anpil refleksyon syantifik kote tout moun ki vle ap gen chans patisipe nan kozri ak ekspè sou wòl ak ideyal Dessalines nan yon repiblik ki jis. Anfen, ap gen temwayaj piblik kote kominote Ayisyen yo ap kapab eksprime vizyon yo sou kontribisyon li.

Jan sa mansyone nan dokiman prezantasyon an kanpay la gen senk gwo objektif :

  1. Mete limyè sou lavi ak vizyon Jean-Jacques Dessalines.
  2. Angaje piblik la nan yon refleksyon kolektif sou nesesite pou retabli memwa istorik Dessalines.
  3. Kreye espas kreyatif ak atistik pou ranfòse konsyans sosyal sou kontribisyon Dessalines.
  4. Atire atansyon leta ak kominote ayisyèn nan sou nesesite pou fè yon antèman senbolik nasyonal pou Dessalines.
  5. Kreye kontni edikatif pou enfòme ak fòme piblik la sou vizyon ak ideyal politik Dessalines.

Anplis difizyon yon seri kontni edikatif sou fòma videyo kout, mesaj grafik ak atik edikatif, kanpay « Viv Dessalines » nan vize reyalize aktivite kozri sou tèm prensipal la. Pou fini, ap gen sòti ofisyèl mizik espesyal « Lanperè A Mouri » Collinx ak BélO chante jou kap 31 janvye 2025 lan.

Se ap yon kloti onorab pou youn nan prensipal ewo ki te patisipe nan rann pèp ayisyen an lib nan wete yo anba grif lesklavaj.

Comment here